Memwa 2010…
Lane demildis, tankou tout lòt ane pase
Men nan memwa ayisyen li p’ap efase
Nou pase tout ane a, n’ap konte kadav
Fè lèzot ap di ke Ayiti se yon kav.
Jounen an te sou pik li, solèy la vin tris
Latè pral tonbe sou cham Jilbriyis
Alsiyis Lanati pral fèl kaladja
Latè pral tranble kou fèy bwa
Chak gouyad lanati travèse lonbrit latè
Mache nan san l’, tankou mouch poze sou matyè
Nan tout pwofondè, latè ouvri goj li
Pou l’ bwè san n’ pandan l’ bouche zorèy li
Pousyè anvayi nou, benyen nou, kouvri nou
Nou pase plizyè jou, Bondye sove nan nou
Dlo k’ap koule nan je pou sila ki ale
Fè labou sou vizaj, ki raple sa nou ye.
Li lage nou debwabalanse, zo ak po
Kiyès k’ap ede n’ konte moun ki sou do
Moun k’ap rele, k’ap soufri kon kris sou lakwa,
Moun ki de men anlè, ki kwè y’ap jwenn viktwa ?
A! Demildis, mèsi.
Se pa sa ou te di,
Premye janvye parèt,
Solèy ap bay payèt
Tout moun rete tèt frèt
San espere kou trèt
Douz janvye t’ap vini
Pran moun san avèti
Ou mete nou toutouni nan kalfou landjèz
Ak Diyite n’ nan yon kwi, lemond ap ba n’ rèz
Moso Lespwa ki monte flim sou lestomak
Nou rele Satan Bondye pou yon pip tabak
Rèv sa twò long pou ti moso somèy nou
Somèy je louvri nan kalkile mizè nou
Ou ale ak yon moso nan chak ayisyen
Lespri nou vid men, nan lanmou, kè nou plen…
5 janvye 2020, Letransparent