Memwa 2010…
Lane demildis, tankou tout lòt ane pase Men nan memwa ayisyen li p’ap efase Nou pase tout ane a, n’ap konte kadav Fè lèzot ap di ke Ayiti se yon kav. Jounen an te sou pik li, solèy la vin tris Latè pral tonbe sou cham Jilbriyis Alsiyis Lanati pral fèl kaladja Latè pral tranble kou fèy bwa Chak gouyad lanati travèse lonbrit latè Mache nan san l’, tankou mouch…